AYITI : FLANBO LIBÈTE INIVÈSÈL, SOTI VERTIÈRES RIVE NAN DOUVANJOU 2026, MEMWA, DIYITE AK KONESANS YON PÈP.

  • 02/01/2026
  • 0 Comentário(s)

AYITI : FLANBO LIBÈTE INIVÈSÈL, SOTI VERTIÈRES RIVE NAN DOUVANJOU 2026, MEMWA, DIYITE AK KONESANS YON PÈP.

Pa James Désiris
Atis, fotograf, reyalizatè ak chèchè endepandan

Souvan yo limite Ayiti ak kriz li ap travèse jounen jodi a, men Ayiti rete youn nan pi gwo evènman fondatè nan listwa modèn politik la. Premye Repiblik Nwa ki sòti nan yon revòlt esklav ki te genyen, Ayiti fòse lemonn rekonèt ke libète se dwa tout moun. Tribin sa a pwopoze yon lekti istorik, filozofik ak patriyotik sou wòl santral Ayiti nan nesans dwa moun, konsyans nwa ak batay mondyal pou liberasyon, pandan li poze kesyon sou kondisyon pou leve kanpe Ayiti jodi a.

Ayiti, laboratwa diyite Moun

Anvan yo te asosye Ayiti ak diskou sou kriz, dezòd oswa efondreman, Ayiti te yon tranbleman moral nan listwa lemonn. Premye janvye 1804, apre batay Vertières, yon pèp yo te konn vann tankou machandiz deklare yon verite radikal : libète pa negosyab, li pa klase, li pa depann de koulè po. Ayiti pwoklame endepandans li.

Ayiti pa t sèlman genyen yon lagè endepandans. Li te kraze tout lojik ideyolojik mond esklavajis la. Pandan revolisyon ameriken ak franse t ap pale de dwa tout moun pandan yo t ap ekskli Nwa yo, Ayiti enpoze yon inivèsalite reyèl : tout moun fèt lib e egal ego an dwa, san okenn eksepsyon.

Yon revolisyon ki manyen lemonn antye

Enpak revolisyon ayisyèn nan depase fwontyè zile a. An 1816, Alexandre Pétion te akeyi Simon Bolívar, li ba li zam, lajan ak pwoteksyon, ak yon sèl kondisyon : aboli esklavaj nan tout teritwa yo libere. Se konsa Ayiti vin tounen matris endepandans Amerik Latin lan.

An 1822, Ayiti se premye Eta sou latè ki rekonèt endepandans Lagrès, li menm voye kago kafe pou soutni lagè yo. Jès sa a montre yon diplomasi moral : Ayiti te rekonèt tèt li nan tout pèp ki t ap soufri opresyon.

Konstitisyon 1805 la te ale pi lwen toujou, li te deklare tout moun nwa oswa moun koulè ki mete pye sou tè Ayiti vin lib. Ayiti te tounen refij inivèsèl pou oprese yo.

Matris konsyans nwa modèn lan

San Ayiti, pa t ap gen menm Negritid, ni menm panafrikanis, ni menm konsyans nwa mondyal. Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor, Cheikh Anta Diop, Marcus Garvey, Frantz Fanon ak Kwame Nkrumah tout rekonèt, dirèk oswa endirèk, etensèl ayisyèn nan kòm fondatè.

Ayiti te pwouve, byen anvan teyori yo, ke libète nwa pa t yon lide abstrè, men yon pratik istorik. Ayiti se premye viktwa total kont barbari rasis ki te vin sistemik.

Soti nan glwa rive nan kriz : yon degrengolad òganize

Kontrè ant 1804 ak sitiyasyon Ayiti jodia pa yon madichon ni yon fatalite kiltirèl. Li se rezilta mekanis istorik presi.

An 1825, Lafrans fòse Ayiti, anba menas kannon, peye 150 milyon fran lò pou rekonèt endepandans li. “Dèt endepandans” sa a te toufounen ekonomi Ayiti pandan plis pase yon syèk.

Izolman diplomatik, okipasyon etranje, diktati, entèvansyon repete ak depandans twòp sou èd entènasyonal te kontinye fragilize souverènte ekonomik ak enstitisyonèl peyi a.

Ayiti pa yon pèp madichonnen. Ayiti se yon pèp yo anpeche mache.

2026 : reveye jeyan douvanjou a

Nan kòmansman ane 2026, pandan lemonn ap antre nan yon nouvo sik, Ayiti rele pou yon revèy istorik. Leve eskanp figi peyi a pa pral fèt ak charite etranje ni ak efase pase yo, men repanse istwa li ak diyite li.

Sa mande yon edikasyon ki retabli fyète istorik, yon souverènte ekonomik ki chita sou pwodiksyon lokal, yon dyaspora ini kòm fòs estratejik, ak yon lajistis solid ki kraze enpinite.

Inyon dwe tounen yon pratik chak jou, pa yon pawòl vid. Ekselans dwe tounen yon fòm rezistans.

Konklizyon : Ayiti, memwa vivan limanite

Ayiti pa yon nasyon pou yo pran pitye pou li.
Se yon nasyon pou rebati.

Lemonn toujou bezwen limyè li, memwa li ak kilti rezistans li.

An 1804, Ayiti kraze chenn fizik yo.
An 2026, li dwe kraze chenn dezespwa yo.

Toutotan Vertières ap selebre, lemonn ap sonje ke yon jou, libète te pale kreyòl.

James Désiris
Atis, fotograf, reyalizatè ak chèchè endepandan


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1. TRIBILASYON

THEODORE BEAUBRUN JUNIOR

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes