Gang Gran Grif nan Latibonit atake lokalite Pon Sonde pou yon Ényèm fwa .
- 30/11/2025
- 0 Comentário(s)
Pon Sonde, Ayiti_____Zak vyolans frape pou yon Ényèm fwa moun kap viv nan likalite Pon Sonde nan sware samdi 29 novanm nan depatman Latibonit lan ,se yon zak ki pote anpwent group gang Gran Grif yo ki baze nan Savyen.
Yon valè nèg ame jous nan dan, te mete anba gro panik ak konstènasyon abitan yo nan Pon Sonde pandam weekend nan. Group sila ki idantifye kòm gang te fè anpil zam chante jiskaske yo touye plis pase 4 moun e blese grav yon latriye inosan ke yo te oblije transpòte bwit sou kou nan lopital Sen Nikola nan vil Sen Mak.
Anpil moun dekri yon sèn sov kipe nan yon tèrè jeneralize ak gwo kout rafal kout zam manman penba. Asayan yo mete dife nan plizyè kay, pote ale yon latriye zannimo; alòske yon bon valè nan popilasyon an kraze rak pou sove po yo. Selon temwen ak rapòtè, bandi sansal yo, tankou yo abitye fè li, pat jwen oken rezistans bò kote antite fantòm ki swa dizan pwomèt sekirite anndan peyi a.
Antouka, pou anpil moun, pa genyen anyen pou moun ta espere bò kote vandè tèritwa yo ki pa sispann livre Pon Sonde bay bandi yo chak sezon.Inik rezistans ke moun te kapab obsève, se te replik bò kote ki mesye otodefans yo ki tap riposte tèt pou tèt avèk ekip sangwen yo.

.jpg)



