YON KOU BIBILK KI KA CHANJE LAVI MOUN YO .

  • 01/10/2024
  • 0 Comentário(s)

YON KOU BIBILK KI KA CHANJE LAVI MOUN YO .

Yon kou biblik ki ka chanje lavi moun yo

Yon kanpay mondyal nan mwa septanm k ap anonse yon pwogram edikasyon biblik ki gen kòm objektif ede moun yo fè fas ak pwoblèm nou jwenn chak jou.

Yon dam ki rele Yvy Sena te konn mande tèt li ki kote l ta ka jwenn bonjan konsèy pou difikilte li rankontre chak jou. Repons yo te soti nan yon kote li pa t atann.

Dam sa a ki rete nan vil Fortaleza, eta Ceará, te jwenn rekonfò li te bezwen nan Bib la pa mwayen yon kou biblik gratis Temwen Jewova yo ofri l. Nan mwa septanm, Yvy ap patisipe nan yon kanpay kote l ap pataje avèk lòt moun menm èd sa a li te resevwa. L ap fè pati yon gwoup ki gen plis pase 8 milyon volontè k ap patisipe nan kanpay sa a k ap fèt toupatou sou tè a.

Men sa Ivy di: “Lè mari m te mouri, mwen te fache ak Bondye poutèt mwen te priye l pou li geri mari m men li pa t fè anyen. Men etid Labib mwen te fè a te ede m konprann byenke Bondye pa anpeche soufrans nou, li ede n fè fas ak sitiyasyon ki difisil yo. Mwen ta renmen ede lòt moun ki te pèdi moun yo renmen nan lanmò.”

Chak ane, Temwen Jewova yo òganize kanpay espesyal ki gen kòm objektif montre moun yo jan Bib la ka ede yo fè fas ak enkyetid yo. Men sa Estevão Januário, pòtpawòl lokal òganizasyon ki pa gen objektif pou fè lajan di: “Nou te gen anpil bèl eksperyans nan kanpay espesyal nou te fè nan ane 2022, kote nou te ofri etid biblik. Nou vle pwofite bon rezilta sa yo pou n kontinye ankouraje moun yo jwenn repons nan Bib la pou kesyon yo genyen yo.                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                        Pandan kanpay sa a, yo pral ofri yon piblikasyon gratis ki gen tit: Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan. Peryodik sa a gen twa leson ki pa twò long e ki dinamik, avèk kesyon ak repons e kèk videyo ki ede moun yo konprann sijè ki anba yo:

●Ki jan Bib la ka ede w?

●Bib la bay espwa

●Èske w ka fè Bib la konfyans?

Men sa Estevão Januário di: “Fè kou biblik sa a pa oblije moun nan vin tounen yon Temwen Jewova. Sa fè n plezi pou nou montre sa Bib la anseye yon fason pou moun yo jwenn byenfè ki soti nan Pawòl Bondye a kote yo jwenn sajès ak oryantasyon”.

Nou ofri tou yon lòt opsyon etid, kote ou kapab apwofonde konesans ou sou Bib la, yon fason ki pratik, baze nan eksperyans lòt moun. Pa mwayen sa ou pral jwenn èd pou pran bon desizyon, fè bon zanmi epi gen kè kontan nan fanmi an.

Nenpòt moun ki enterese ka mande yon Temwen Jewova yon vizit an pèsonn, pa mwayen videyo konferans oubyen yon apèl nan yon orè ak yon lokal k ap pi bon pou li. Nan 2023, Temwen Jewova yo te fè plizoumwen plis pase 7 milyon etid biblik pa mwa, nan anviwon 240 peyi ak tèritwa.

Ivy gen rekonesans lefètke li fè pati sèt milyon moun sa yo. “Etid la te ede m venk lapenn epi te bay lavi m yon nouvo sans. Mwen panse tout moun ki aksepte yon etid pral wè jan Bondye anvi fini ak tout soufrans”, se sa li ajoute.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou sit nou an: Ki sa etid Labib Temwen Jewova yo ofri a ye? Yon pwogram etid Labib ki gratis (jw.org)



Pòtpawòl Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Contato: (11) 97421 2527


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes