KONGRÈ REJYONAL LA PROMÈT BON NOUVÈL .

  • 21/08/2024
  • 0 Comentário(s)

KONGRÈ REJYONAL LA PROMÈT BON NOUVÈL .

Evènman sa a pral fèt nan plis pase 500 lang nan tout monn nan.

Fanmi Jean te kapab al nan yon sesyon sinema e fè acha nan yon magazen. Yo te kapab fè yon ti pwomnad nan plaj oswa vizite yon paran ki rete nan yon lòt vil. Nan yon wikenn, pa manke opsyon pou fanmi an. Men, Junior Leroy e Danouca ak pitit gason yo gen yon lòt plan. Yo tout pa ka tann evènman twa jou sa rive, kote yo pral reyini ak plizyè milye moun nan menm objektif — tande yon bon nouvèl ki touche kè moun yo!

“Se pa jis yon lòt reyinyon”, selon Junior Leroy Jean, nan vil São Paulo- SP. “Se moman pou n reyini ansanm ak fanmi nou ak zanmi nou e fè pati yon evènman ki bay anpil kè kontan ak esperans. Anplis de sa, se yon bèl fason pou n byen pwofite wikenn nan nan vil sa a.”

Nan yon monn ki toujou ap bonbade nou ak move nouvèl pa mwayen rezo sosyal, televizyon ak radyo, Temwen Jewova yo prezante kongrè yo fè chak ane ak yon nouvo tèm ‘Anonse bon nouvèl la!’, k ap kòmanse nan jou 6 septanm.

Plizyè milye moun pral asiste evènman sa a, ki pral reyalize nan divès lokal nan tout monn nan, ki gen ladan l Vargem Grande Paulista – SP, nan Sal Asanble Temwen Jewova yo. Yon pwogram anpil moun ap tann, ap pote anpil ankourajman ak konsolasyon pou moun k ap asiste l.

Pòtpawòl Temwen Jewova yo, Estevão Januário, di: “Evènman sa yo se evènman ki pi enpòtan nan ane a pou plizyè milye moun ki swete gen yon eksperyans pozitif nan lavi yo. Nou vrèman kontan pwofite pwogram sa nan yon vil ki byen akeyi moun. Nan kongrè ‘Anonse bon nouvèl la!’ ap gen videyo ki baze sou Bib la, diskou ak entèvyou ki gen tèm tankou:

  • “Nan ki sans ‘Bon nouvèl la ap dire pou toutan’?”
  • “Poukisa nou pa pè move nouvèl?”
  • “Poukisa nou dwe ‘kenbe bon nouvèl la fèm’ e ki jan nou kapab fè sa?”

Nan samdi, pral gen batèm etidyan Labib ki abite nan vil vwazin yo. Yon fim ki divize an de pati pral pran kè piblik la nan vandredi maten e samdi maten. Anvan evènman konsa yo, Temwen Jewova yo fè yon kanpay pou envite tout moun nan vil yo ak nan rejyon yo.

Nan ane ki te pase a, li te gen plis pase 12 milyon moun ki te patisipe nan anviwon 6 mil kongrè ki te reyalize nan tout monn nan.

Ou menm ak tout fanmi w envite pou asiste kongrè ‘Anonse bon nouvèl la!’. Antre a gratis e yo pa fè lakòlèt. Pou w jwenn plis enfòmasyon konsènan pwogram nan oswa pou w jwenn lòt dat oubyen lokal evènman an ap fèt, ale sou jw.org epi klike sou Kongrè, nan opsyon Enfòmasyon sou nou.

Sèvis

Ki sa: Seri kongrè 2024 ki gen tèm ‘Anonse bon nouvèl la!’ prezante pa Temwen Jewova yo.

Ki dat: 6, 7 ak 8 septanm 2024.

Lè: Vandredi, 9è20 a 16è55; Samdi, 9è20 a 16è55; Dimanch, 9è20 às 15è35.

Adrès: Sal Asanble Temwen Jewova yo

R. José Manoel de Almeida, 1020, Vargem Grande Paulista, SP

Kiyès: Tout moun ki nan kominote a envite. Patisipasyon nan evènman sa a gratis.

Enfòmasyon adisyonèl: Chak jou ap gen yon entèval de 1è20 pou manje. Y ap prezante diskou ki baze sou Bib la, entèvyou ak videyo. Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou jw.org.

Pòtpawòl Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Kontak: 11 97421 2527


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes