PWOBLÈM NAN MARYAJ-ÈSKE GEN SOLISYON?

  • 04/06/2024
  • 0 Comentário(s)

PWOBLÈM NAN MARYAJ-ÈSKE GEN SOLISYON?

Nan semèn 3 rive 9 mwa jen, moun toupatou sou tè a ap reyini ansanm pou yo konsidere kèk konsèy pratik konsènan ki jan pou yo rejwenn kè kontan nan fwaye yo.

“Tout machin bezwen reparasyon. Lè n ap vwayaje nou konn fè plis atansyon ak sa, yon fason pou machin nan ka byen fonksyone. Se poutèt sa nou chèche yon moun ki kalifye pou l fè reparasyon an. Maryaj la se pi gwo vwayaj nan lavi nou, se sa k fè li vrèman enpòtan pou chak moun ki marye egzamine tèt li pou li fè chanjman ki nesèse, dapre bonjan konsèy ki soti nan Sila a ki pi byen konnen maryaj la.”- Benedito Oliveira, ki marye ak Francisca Oliveira sa fè 44 an.

Nan semèn 3 rive 9 Jen 2024, koup sa ap la pami plis pase pase 8 milyon moun toupatou sou tè a ki pral reyini  .                                                 Ansanm pou yo konsidere sijè ‘Kontinye demontre afeksyon nan maryaj ou’." Chak semèn, Temwen Jewova yo konn reyalize reyinyon gratis ki ouvè pou piblik la, kote tout moun ka patisipe. Tout kominote envite.

Francisca Oliveira se yon moun ki apresye anpil sijè yo konsidere nan reyinyon kretyen sa yo. Men sa li di: “Aprann prensip biblik konsènan maryaj la epi aplike yo nan maryaj nou an se toujou kle k ap ede nou kenbe inyon ak kè kontan menm lè sa fè plis pase 40 an depi n marye”.

Rechèch yo fè yo fè konnen kèk rezon prensipal ki konn fè koup yo divòse sèke yo manke angajman ak kominikasyon, enfidelite ak lè yo pa t ka antann youn ak lòt. Relasyon mari ak madanm ka febli tou akòz kèk sitiyasyon nou rankontre souvan jounen jodi a tankou travay, presyon, distraksyon ak woutim ki chaje ak aktivite.

Dapre Jamil Machrki ki marye ak Jamili sa gen 9 an, li toutafè nòmal pou nou demontre lanmou, afeksyon ak atansyon youn pou lòt nan kòmansman maryaj la, men avèk letan, defi ak woutin ki chaje ak aktivite yo ka fè difisil pou n demontre kalite sa yo ankò.Li enpòtan pou koup yo .                                                                                                                                                                                                                                sonje mari a oswa madanm nan dwe se moun ki pi enpòtan pou yo e l merite sa ki pi bon nan men konjwen li.

Men sa Estevão Januário, pòtpawòl Temwen Jewova yo di: “Lè machin nan vin an pàn nou konn chèche sa ki kòz pwoblèm nan epi nou eseye rezoud li olye nou bay vag sou vwayaj la. Se menm bagay la pou kesyon maryaj”. Nan reyinyon sa a, moun ki prezan yo pral konsidere kèk kesyon, tankou: “Ki jan mwen ka fè moun mwen marye avè l la santi mwen renmen l?” Nou envite tout moun vin aprann kèk sijesyon itil ki ka fè maryaj ou vin pi djanm ankò epi evite divòs la”.

Temwen Jewova yo konn reyini nan kote yo rele Sal Wayòm. Reyinyon sa yo gen ladan l diskou ki kout, demonstrasyon ak patisipasyon kesyon repons. Pou w jwenn yon Sal Wayòm ki toupre lakay ou, ale sou sit ofisyèl jw.org, antre nan seksyon ‘Enfòmasyon sou nou’, anba ribrik ‘Reyinyon’. Si ou vle asiste l nan lang siy, suiv etap sa yo, epi tape ‘Libras’ nan ribrik ‘Chwazi lang ou an’.

Nan sit jw.org – sit ki plis tradui nan lemonnantye e ki gen kontni ki gratis — ou kapab jwenn tou atik ak videyo ki vrèman itil, tankou:                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                             ●Kòman nou ka gen kè kontan nan maryaj nou?

Fason pou n rezoud pwoblèm yo

Èske divòs se solisyon an?

Bib la sove maryaj nou

Potpawòl Temwen Jewova yo

Estevão Januário

(11) 97421 2527                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                                   


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes