KISA LA BIB LA DI SOU ENSEKIRITE FI YO ?

  • 20/05/2024
  • 0 Comentário(s)

KISA LA BIB LA DI SOU ENSEKIRITE FI YO ?

“Mwen toujou asire m mwen fè paran m ak zanmi m yo konnen wout m ap fè yo”. Byenke li gentan granmoun, Bianca Brito gen abititd fè lòt moun konnen ki kote li prale, konbyen tan l ap rete deyò, e li voye yon mesaj pou l fè yo konnen li gentan rive.”

Men sa Bianca di: “Mwen toujou panse ak fason pou m pwoteje tèt mwen. Mwen fè anpil atansyon ak sa k ap pase toutotou m. Ret vijilan konsa fatigan, men sa ede m evite pwoblèm lè mwen fè fas ak sitiyasyon ki ka sanble danjere nan lokal piblik yo.

Jounen jodi a, anpil gouvènman ap mete plis aksan sou yon seri lwa ki gen rapò ak sekirite fi yo. Malgre sa, fi yo toujou viktim anba zak vyolans k ap fèt toupatou sou tè a.

Òganizasyon mondyal lasante estime sou chak twa fi, gen youn ladan yo yo te fè abi sou li, swa abi fizik swa abi vèbal nan yon moman kèlkonk nan lavi yo. Sa reprezante anviwon 736 milyon moun. Malerezman, dapre kèk rapò aktyèl yo fè konnen vyolans sou fi yo te ogmante pandan pandemi COVID-19 la.

Selon Estevão Januário, potpawòl Temwen Jewova yo, kalite vyolans sa a gen rapò ak yon kriz mondyal ki afekte nonsèlman fi yo, men fanmi ak kominote yo tou. Men sa li ajoute: “Sekirite fi yo ta dwe yon sijè ki enterese tout moun”.

Yo te pibliye sou sit(sit ofisyèl Temwen Jewova yo) yon atik ki gen tit: “La sécurité des femmes: Ce qu’en dit la Bible jw.org e” kòm yon èd gratis pou fi ki te viktim anba vyolans e ki bezwen tretman ak sipò. Atik sa a ki baze sou prensip biblik yo mete aksan sou fason Bondye konsidere fi yo epitou ki sa Li pral fè alavni pou elimine move tretman yo konn sibi.

Men sa Estevão Januário ajoute: “Bib la bay moun ki viktim anba vyolans anpil espwa. Nou swete pou atik sa a ede fi yo santi yo merite pou moun byen okipe yo e yo gen anpil valè pou nou.”

Ou ka jwenn atik “La sécurité des femmes: Ce qu’en dit la Bible” gratis sou sit jw.org, ki gen ladan l plizyè lòt enfòmasyon pratik ki baze sou Bib la nan plis pase 1084 lang.

Pòtpawòl Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Kontak: (11) 97421 2527


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes