Nòt enpòtan Pou moun ki bezwen travay :Posibilite travay nan união social dos Imigrantes haitianos (Usih)
- 10/03/2024
- 3 Comentário(s)
Nan sousi pou ede konpatriyòt nou yo jwenn travay Nan São Paulo União social dos Imigrantes haitianos (usih)ak kèk sendika nqn domèn konstriksyon sivil ap rekrite oubyen bezwen plis ke 100 moun moun nan domèn sa ki preske vid nan peyi a ,
Konstriksyon sivil se sèl kote depiw se pwofesyonèl ou paka chita depi w vle travay ,
Konsa sendika sa yo ap pran moun sa yo ak ou san eksperyans travay epi yap fòme'w ofri'w yon kou swa nan chapant ,mason ,seramik etc . .
Wap kòmanse ak yon salè Kise 1944 reyal epi aprèw fin swiv kou a ak pase eksperyans salè 'w otomatikman dwe moute ant 3000 oubyen 3.500 ou plis .
Nan nòt sa (usih) responsab tout sa ki di nan nòt sa epi lap akonpaye konpatriyòt nou yo .
Nap invite tout moun Pou pase vin fè entèvyou Nan lokal asosiyasyon an vandredi 15 mas la a 10 hres 30 Nan matin
Rua dos estudantes número 536 viela número 34 bò Kay pè a .
Montinard Robert
13/03/2024
Yon gran mesi pou opotinite sa