FASON YON MOUN KA LIBERE DE ALKÒL AK DWÒG .

  • 29/02/2024
  • 0 Comentário(s)

FASON YON MOUN KA LIBERE DE ALKÒL AK DWÒG .

Pou yon moun sispann esklav dwòg ak alkòl, li enpòtan pou l pran swen sante mantal ak espirityalite l.

Yo selebre Jou Nasyonal pou Konbat Dwòg ak Alkòl nan 20 fevriye. Yo itilize dat sa a kòm yon opòtinite pou yo avèti moun yo sou danje ki genyen nan bwè pou sou ak sèvi ak dwòg. Sistèm enfòmasyon sou mòtalite Ministè Lasante fè konnen anviwon 11 mil moun mouri chak ane, nan Brezil, akoz pwoblèm mantal ak move konpòtman ki gen rapò avèk alkòl ak dwòg.

Alkòl ak dwòg gen efè dirèk sou sistèm nève santral. Pa egzanp, lè yon moun bwè twòp pandan anpil tan, sa detwi selil ki fè pati sèvo l, e kò li pa kabap ranplase yo menm jan li fè ak lòt selil yo. Gen plis pase 40 maladi ki gen rapò ak bwè pou sou. Dwòg yo tou lakòz divès pwoblèm sante ki grav, ki ka afekte respirasyon moun, batman kè l ak fason l wè bagay yo.

Moun ki vin esklav yon bagay souvan se paske l ap fè fas ak yon seri lòt pwoblèm. Pa egzanp, li ka santi l poukò l, li strese, li gen gwo tètchaje oswa li fè depresyon. Se pou rezon sa a, apa de tretman medikal, anpil moun itilize yon lòt èd ki efikas: Labib.

Gade egzanp José, yon avoka ki te kòmanse bwè ak fimen lè li te gen 13 an. Apre l fin fè plizyè tretman epi tounen nan menm abitid pandan plizyè fwa, lè l te gen 40 ane, li te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo. Jounen jodi ali fyè pou l di sa fè plis pase 20 an depi li pa bwè pou sou ankò epi li mete aksan sou yon èd li te jwenn. Men sa li di: “Pawòl Bondye a te ede m wè pou premye fwa mwen te bezwen renouvle mantalite pa m e li ogmante anvi m pou m gen kè kontan! Mwen di Jewova mèsi poutèt li te ba m fòs m te bezwen pou venk obstak sa a.

Nan seksyon “Abitid ak bagay ki fè moun esklav” nan sit jw.orgla, nou kapab jwenn plizyè eksperyans, tankou istwa José. Istwa moun ki egziste toutbon e ki te sispann esklav dwòg ak alkòl, ka ankouraje moun ki bezwen èd pou kite vye abitid sa yo. Videyo Anvan w bwè, reflechi sou konsekans yo bay adolesan yo kèk sijesyon pratik konsènan danje ki genyen nan bwè bwason ki gen alkòl.

Yon lòt bagay ki ka ede moun sispann esklav alkòl ak dwòg, se evite izole tèt li epi chèche fè bon zanmi. Dapre Estevão Januário, pòt pawòl Temwen Jewova yo nan São Paulo, gen kèk lokal nan vil la kote yo fè reyinyon ki konn bay moun konsolasyon ak ankourajman ki soti nan Pawòl Bondye a. Reyinyon sa yo fèt chak semèn epi nenpòt moun ka vin asiste yo. Antre a gratis e w pa bezwen rezève plas ou. Ou ka jwenn enfòmasyon sou orè ak kote reyinyon sa yo fèt nan sit ofisyèl Temwen Jewova yo, jw.org.

Vèsè biblik ki ka ede moun venk move abitid:

  • 1 Korentyen 15:33: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon prensip yo genyen.”
  • 2 Korentyen 7:1: “Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a.”
  • Filipyen 4:13: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.”

Istwa moun ki te gen abitid bwè twòp oswa pran dwòg:

Pòt Pawòl Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Kontak: (11) 97421-2527


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes