“Viktim yo te bliye” yo pandan rejim Nazi a

  • 30/01/2024
  • 1 Comentário(s)

“Viktim yo te bliye” yo pandan rejim Nazi a

Nan jou 27 janvye, anpil moun toupatou sou tè a pral selebre Jou Entènasyonal pou sonje Olokos la. Nan dat sa a yo pral fè 79 ane depi yo te fè moun yo soti nan Auschwitz - pi gwo kan konsantrasyon an kote yo te konn touye moun pandan rejim Nazi a.

Yo te tabli selebrasyon sa a pou ede moun yo aprann e konprann plis detay sou Olokos la epitou pou yo onore tout viktim anba rejim Nazi a.

Pami moun sa yo te gen 6 milyon juif ak plizyè milyon moun ki soti peyi Polòy, slav, sigan, omoseksyèl ak moun ki andikape. Anplis de moun sa yo, yon lòt gwoup yo te pèsekite se te Temwen Jewova yo.

Men sa pwofèsè Detlef Garbe, ansyen direktè nan Memoryal Kan Konsantrasyon Neuengamme, te di: “Temwen Jewova yo, ki te soufri anba yon pèsekisyon ki san pitye nan Twazyèm Reich la, fè pati gwoup ‘viktim yo te bliye’ pandan rejim nazi a. Byenke yon gwo kantite Temwen Jewova te soufri pèsekisyon ak lanmò, pandan plizyè dizèn ane yo te inyore yo.”

Yo te pèsekite e yo te maltrete Temwen Jewova yo paske yo te refize pran zam e yo pa t aksepte ideyoloji nazi yo.

“Temwen Jewova yo te sèl gwoup kretyen anba rejim Twazyèm Reich la yo te idantifye l ak yon senbòl byen presi, yon triyang mov ki te sou rad yo. Yo te pèsekite yo sèlman poutèt kwayans relijye pa yo”. Men sa Estevão Januário, pòt pawòl Temwen Jewova yo, di: "Nazi yo te ofri yo libète sou kondisyon yo siyen yon papye ki fè konnen yo pa Temwen Jewova ankò e yo kòmanse soutni rejim nan." Sepandan, yo te gen kouraj e yo te atache ak prensip kretyen yo tankou ret fidèl ak Bondye ak demontre lanmou pou pwochen yo.”

Kèk enfòmasyon anplis sou pèsekisyon Temwen Jewova yo te sibi anba rejim nazi a:

  • Pami 35 mil Temwen Jewova ki t ap viv nan yon pati Ewòp Nazi yo te okipe, anviwon 13.400 te sibi pèsekisyon anba rezim nazi a;
  • Yo te arete anviwon 11.300 nan yo;
  • Yo te voye anviwon 4.200 nan kan konsantrasyon;
  • Pami moun sa yo, plis pase 1.250 se te minè;
  • Gouvènman Nazi a te pran pa fòs anviwon 600 timoun nan men paran yo;
  • Yo te touye omwen 72 Temwen Jewova pa etanazi;
  • Yo te asasine oswa yo te maltrete yo jis yo mouri omwen 548 moun, sa gen ladan l kèk timoun.
  • "Antou, gen anviwon 1.600 Temwen Jewova ki te mouri akoz pèsekisyon an.";
  • Dapre estimasyon ki fèt, pandan peryòd Olokos la yo te mete anviwon 6 mil Temwen Jewova nan prizon oswa nan kan konsantrasyon."

Pou w konnen plis sou Temwen Jewova yo, ale sou sit jw.org. Ou pa bezwen anrejistre w epi tout sa ki ladan l se gratis.

Pòt Pawòl Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Kontak: (11) 97421 2527


#Compartilhe

1 Comentários


Deixe seu comentário








Francisca macagnan

31/01/2024

Atik trè enteresan! Felisitasyon!

Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes