Temwen Jewova yo — 100 ane edikasyon ak ansèyman o Brezil .

  • 19/12/2023
  • 0 Comentário(s)

Temwen Jewova yo — 100 ane edikasyon ak ansèyman o Brezil .

Travay volontè ki pote bonjan benefis pou kominote a konplete yon syèk aktivite nan peyi a.

Nan ane 2023, biwo filyal Temwen Jewova yo o Brezil ap konplete 100 ane. Premye lokal la se te nan vil Rio de Janeiro. Depi ane 1980, syèj biwo yo sitye nan vil Cesário Lange, nan depatman São Paulo. Aktyèlman, lokal sa a yo rele "Betèl" gen anviwon mil volontè k ap travay e ki abite ladan l tou. Syèj la gen ladan l youn nan pi gwo sistèm enprimri ki nan rejyon an ansanm ak de ekspozisyon gratis. Tout afè yo gen kòm objektif pwodwi materyèl edikasyon biblik ak sosyal. Plizyè milyon moun deja benefisye nan travay ansèyman sa a. Betèl Brezil la tradui, enprime ak voye pliblikasyon pou prèske tout peyi nan Amerik Disid ansanm ak kèk peyi nan Amerik Santral ak nan Afrik tou.

Enprimri a gen ladan l de machin enprimant ki ka enprime rapid rapid. Lè w met yo ansanm, yo pwodwi plis pase 400 mil peryodik chak èdtan. Se la a peryodik Toudegad yo pibliye depi ane 1923 nan lang pòtigè a (ann Anglè depi ane 1879) soti. Toudegad la se youn nan peryodik yo plis pibliye nan monn nan e li tradui nan 413 lang. Syèj la pwodui tou piblikasyon an bray-pòtigè pou moun ki avèg ansanm ak enstriksyon ki baze sou Bib la sou fòm videyo pou kominote moun soud yo. Nan ane 2022, yo soti avèk Bib la nan lang siy brezilyen (Libras). Sa se premye tradiksyon konplè Bib la nan lang siy brezilyen e se twazyèm tradiksyon konplè nan lang siy nan lemonnantye.

Syèj sa a òganize yon pwogram edikasyon endividyèl ki enkli tout kalite moun e tout popilasyon ka jwenn byenfè ladan l. Temwen Jewova yo toupatou nan peyi a ofri etid biblik gratis e, si sa nesesè, yo bay klas alfabetizasyon. Carmen Santos patisipe nan travay sa ak anpil satisfaksyon sa gen 50 ane. Men sa l di: “Sa touche m anpil lè m wè plis moun k ap li e k ap aplike pawòl saj ki soti nan Bib la nan lavi yo. Lè m wè fason yo vin gen plis lajwa ak plis espwa, m santi m kontan pou m patisipe nan travay sa a”.

Syèj yo sèvi avè l aktyèlman ap konplete 43 ane, e l ap pase anba yon gwo antretyen. Anpil volontè ki soti tout kote nan peyi a ap deplase vin nan zòn nan pou yo soutni travay la.

Vizit ki ouvè pou piblik la

Syèj la konn resevwa jiska 12 mil vizitè pa mwa ki soti plizyè kote nan peyi a. Dayè enprimri a, gen de ekspozisyon ki disponib pou yo vizite. Nan sa k rele A Bíblia – O Livro e Seu Autor (Labib - liv la ak moun ki fè ekri l la) moun k ap vizite yo kapab wè jan Bib la te reyisi egziste jiska epòk nou an. Ekspozisyon istorik ki rele Herança (Eritaj) prezante istwa Temwen Jewova yo o Brezil an detay.

Pou ou fè yon vizit avèk èd yon gid, make yon jou ak yon lè gratis sou sit jw.org la, anba ribrik “Enfòmasyon sou nou”, nan seksyon “vizite biwo nou yo”.


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes