YAP CHÈCHE JWENN LIBÈTE RELIJYE .

  • 09/11/2023
  • 0 Comentário(s)

YAP CHÈCHE JWENN LIBÈTE RELIJYE .

Temwen Jewova yo defann dwa legal yo genyen pou yo pratike relijyon yo.

Nan ane ki sot pase yo, anpil evènman ki te fèt nan monn nan te mete aksan sou dwa fondamantal tout moun genyen, sa gen ladan l libète pou yo chwazi relijyon yo vle a. Nan jou 27 Oktòb, yo selebre jou entènasyonal pou libète relijye a. Dat sa a reprezante efò yo fè pou yo lite kont prejije ak entolerans. Temwen Jewova yo se youn nan pi gwo òganizasyon relijye nan monn nan. Yo konn soufri pèsekisyon, e sa fè lontan yo travay pou yo jwenn dispozisyon legal pou pwoteje dwa yo genyen pou yo pratike adorasyon yo ki gen anpil valè pou yo. Yo pa anvi yon koze jidisyè, men lè gen yon sitiyasyon ki met lafwa yo an danje, yon montre yo detèmine pou yo obeyi Bondye an premye.

Sa fè lontan depi òganizasyon sa a ap mennen yon lit pou libète relijyon k ap fèt toupatou sou tè a. Pa egzanp, depi 1919 yo deja ranpòte 50 viktwa jiridik nan pi gwo tribinal peyi Etazini.Se prèske menm jan sa te ye nan Tribinal ewopeyen pou dwa moun ak nan Komite dwa moun nan Nasyonzini. Kòm rezilta, yo te tabli yon baz ki enpòtan pou asire libète relijye nan monn nan.

O Brezil tou, pandan plizyè ane Temwen Jewova yo te fè fas ak opozisyon pou yo jwenn rekonensans legal. Nan ane 1947, yo anrejistre asosyasyon legal ki te rele Sociedade Torre de Vigia de Bíblias e Tratados (Kounye a yo rele l Associação Torre de Vigia de Bíblias e Tratados). Twazan apre, yo te fè presyon sou prezidan Brezil la pou l siyen yon dekrè pou l kanpe aktivite asosyasyon legal sa a. Demach sa a te dire jiska 1957, lè yon nouvo prezidan te deside an favè òganizasyon an. Lafwa, anprèsman ak konfyans Temwen Jewova yo pa t janm brannen.

Apre 75 an yo fin anrejistre na peyi a, adoratè sa yo toujou bay libète yo genyen pou yo pratike lafwa yo yon fason legal anpil valè. Men sa Kleber Barreto, pòtpawòl Temwen Jewova yo di: “Youn nan aktivite ki pi enpòtan nou fè yo se travay edikasyon biblik nou an, sitou aktivite vizite moun lakay yo, jan Jezi te anseye nou sa.” Men sa li ajoute: “Asiste reyinyon yo nan yon lokal san okenn anpechman oswa menas se yon privilèj nou apresye anpil! Mwen bay libète relijye m nan anpil valè, piske m konnen m te jwenn li pa mwayen gwo efò konpayon adorasyon m yo te fè.”

Nan kèk lòt peyi, tankou Almay ak Kigistan, Temwen Jewova to ap toujou goumen pou yo jwenn rekonesans legal pou aktivite yo. Nan ane 2018, yo te ranpòte yon lòt viktwa ki enpòtan. Tribinal Konstitisyonèl te kondane peyi Kore Disid la dèske yo te arete jèn gason kretyen yo ki te refize fè sèvis militè akoz konsyans relijye yo.

Nan peyi Eritre, yo te deja arete ak maltrete plizyè manm nan gwoup relijye sa a, sa gen ladan l fi ak moun ki aje, epi mete yo nan prizon, san yo pa jije yo, oswa tou yo pa menm bay rezon ki fè yo mete yo nan prizon. Yo viv anba move kondisyon nan prizon, e gen menm kèk nan yo ki te mouri akoz move tretman. Nan Larisi, yo te vin konsidere piblikasyon Temwen Jewova yo kòm “ekstremis”. Anplis de sa, yo bloke sit ofisyèl yo a, anpalan de sit jw.org la epi yo te pran tout byen òganizasyon an. Anpil Temwen te al nan prizon jis paske yo pratike lafwa yo.

Yo kotinye ap goumen pou dwa legal moun genyen pou l adore ak libète relijye. Pou w ka konnen plis konsènan Temwen Jewova yo, sa yo kwè ansanm ak aktivite yo, antre sou sit jw.org la.

Pòtpawòl lokal Temwen Jewova yo

Estevão Queiroz Januário

Kontak: (11) 97421 2527


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes