YON KANPAY KAP PWOPOZE SOLISYON POU PWOBLÈM KI NAN MONN SA .

  • 08/11/2023
  • 0 Comentário(s)

YON KANPAY KAP PWOPOZE SOLISYON POU PWOBLÈM KI NAN MONN SA .

Temwen Jewova yo kòmanse yon kanpay pou anonse yon gouvènman ki pafè.

– Ana de Fátima bay yon souri pandan l ap frape premye pòt nan jounen an. Li gen yon sijè enpòtan pou l pale ak vwazen l yo, ansanm ak kèk enfòmasyon sou entenèt oswa sou fòma enprime, depi sa enterese yo. L ap anonse yon kanpay, men kanpay sa a se pa pou benefisye pwòt tèt li oswa yon moun an patikilye.

Ana fè pati yon gwoup prèske 9 milyon Temwen Jewova toupatou sou tè a k ap patisipe kòm volontè nan yon kanpay mondyal ki gen kòm objektif atire atansyon moun yo sou sèl gouvènaman k ap pote bonjan solisyon pou pwoblèm monn nan, anpalan de Wayòm Bondye a.

Nan epòk sa a, kote moun yo enkyete anpil pou yon refòm politik, Temwen Jewova yo ap prezante yon edisyon espesyal peryodik Toudegad la, ki gen tèm “Ki sa Wayòm Bondye a ye?”. Edisyon sa a diponib sou fòma enprime oswa sou fòma elektwonik nan plis pase 780 lang. Pandan mwa Septanm, yon gwoup volontè nan vil São Paulo ap distribye peryodik sa a.

Men sa Ana di: “Mwen chofe anpil pou kanpay sa a, paske sijè li abòde a, anpalan de Wayòm Bondye, se egzaketman sa moun yo bezwen. Jodi a n ap viv nan yon monn ki divize nan sans politik, sa k koz anpil moun nan konfizyon konsènan ki gouvènman k ap ka ede yo toutbon. Nou pral montre yo se Wayòm Bondye a k ap pote solisyon pou pwoblèm yo.”

Pandan syèk ki pase yo, plizyè milyon moun k ap suiv Jezi ap priye pandan y ap di “se pou Wayòm ou an vini”. Men yo konn mande tèt yo ki sa sa vle di. Edisyon espesyal peryodik Toudegad sa a ap fè referans sou kèk pasaj biblik ki enpòtan. Atik ki ladan l yo ekri yon fason ni moun ki pa abitye li Bib la ni moun ki konn li l souvan ka konprann yo. Epitou, yo prezante esplikasyon ki klè e ki senp pou kèk kesyon tankou:

  • Poukisa nou bezwen Wayòm Bondye a?
  • Ki lè Wayòm Bondye pral gouvène Tè a?
  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè alavni?

Men sa [nome do porta-voz local], pòtpwòl Temwen Jewova yo, di: “Nou byen konn sa deja anpil moun panse nou bezwen yon pi bon gouvènman, men se pa anpil moun ki dakò konsènan ki fason pou n rive jwenn sa. Sepandan, gen yon bon nouvèl. Se Jezi Kris li menm ki gouvènè pafè a ki kapab rezoud tout pwoblèm nou sibi yo, e li pral fè sa. Kanpay nou an ap pote mesaj esperans sa a ki tèlman nesesè.

Pandan moman ki pi rèd nan pandemi covid-19 la, Temwen Jewova yo te distribye plizyè milyon Toudegad edisyon espesyal sa a pa mwayen lèt. Yo te voye l tou pou plizyè milye anplwaye gouvènman nan lemonnantye. Kounye a, apre yo fin tounen preche kay an kay, sa a se premye kanpay k ap fèt an pèsòn kote y ap gen opòtinite pale ak vwazen yo konsènan sijè enpòtan sa a.

Sit entenèt jw.org la se sit ofisyèl Temwen Jewova yo. Ladan l, ou kapab jwenn yon kopi sou fòma elektwonik Toudegad edisyon espesyal sa a, ansanm ak enfòmasyon konsènan aktivite Temwen Jewova yo. Sit sa a gen ladan l yon seri kontni byen pratik ki baze sou Bib la pou moun tout laj ak tout kwayans, nan plis pase 1.080 lang.

PÒTPAWÒL LOKAL TEMWEN JEWOVA YO

[Digite aqui seu nome]

Kontak:[Digite aqui seu e-mail]


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes