YON TI REFLESYON SOU MO " GEDE " .

  • 01/11/2023
  • 0 Comentário(s)

YON TI REFLESYON SOU MO " GEDE " .

Gede se yon tradisyon nou leve jwenn ke Gran paran nou yo te soti an Afrik ak li .


Se lè vivan an eseye aproche yo ak mò yo, se jou mò yo pote nouvel bay vivan , se jou mò yo pran plezi yo ak vivan yo tou .

Lè mò sa yo vini paran yo oubyen fanatik yo toujou abiye yo an blan oubyen nwa e mòv kise koulè ofisyél Gede a menm.

Gede sa yo se toujou nan tèt yon moun li vini e chak Gede gen pouvwa chwazi non pal.
Si depi nan vivan Gede sa te renmen di betiz enben lap di betiz.

Sil pat renmen di betiz ou ka pa janm tande yon mo betiz nan bouch li sa depan .

Gen moun ki konn fete fèt Gede a nan simityè oubyen lakay li .,

Premye lwa pou moun sa rele se papa Baron oubyen Grann Brigitte sa yo .
Se premye moun ki antere nan simityè sa lap fin parèt epi papa Baron ki se protektè moun sa ki se chef seremoni an ap parèt pou louvri pasaj pou chak moun ki mouri nan fanmi an.

Yo dwe kite pou Gede sa :mouchwa koulè blan ,nwa ak mov , poud ak anpil tafya plen piman .

Yo dwe pare yon ekip bon ti manje Pou yo tankou : kasav oubyen bobori ak aransèl ,pen , bannan'n ak patat boukannen pistach ak mayi griye, bonbon siro .

Nb) gen plizyè tip baron :

1 )Baron Sanmdi
2)Baron Lacroix etc.

Baron ak Grann Brigitte se 2 moun sa yo ki se chef simityè a ,
Si gen yon moun ki moun nan yon fanmi se toujou pa 2 moun sa yo you'w pase pou 'w jwenn zonbi moun sa.

Nb)yon moun ki gen kèk mwa depil mouri gendwa pa tounen yon gede , moun sa kapab tann yon ane oubyen 2 ane poul tounen yon gede.

Le mond ap fè gro etid pou yo chèche konnen istwa gede a men yo poko ka jwenn li .

Istwa gede a se yon istwa ki rich li soti nan vodou .

Vodou a se yon relijyon menm jan ak tout lòt yo ,
Bagay la kapab bèl nan men'w ou bliye vodou a men lè'w angaje se sèl mwayen pou'w chèche konn sa'w genyen .

                         Ayibobo!!!!

#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes