Envitasyon Pou kominote Ayisyèn nan nan Vil São Paulo e latriye .

  • 23/10/2023
  • 0 Comentário(s)

Envitasyon Pou kominote Ayisyèn nan nan  Vil São Paulo e latriye .

Chè Kanmarad ak Chè Zanmi nou yo.

Sa fè plizyè mwa, nou kapab di menm plizyè ane, depi ke popilasyon ayisyèn nan ap viv yon sitisyon katastwofik.
Kote olye pou ta vin gen yon amelyorasyon, se pi malouk sitiyasyon an ap vin pi malouk, ensekirite ap vale teren, popi-
lasyon an pa ka viv an pè: vyòl, asasinay, rakèt, kidnaping, mizè ak povrete elatriye kap vale tèren.
Pouvwa santral la ak lòt peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo, toujou ap pwofite rejwi de sitiyasyon sa a.
Orijin Katastwòf sa a se rezilta politik kriminèl ke peyi enperyalis yo, CORE GROUP, ansanm ak gouvènman Poupetwèl
kap apiye politik yo a, yo enpoze pou toupizi travayè yo ak pèp ayisyen an.
Eske se pa menm yo menm nan ki kreye sitiyasyon difisil sa a ,jis pou yo kapab jistifye entèvansyon militè a nan peyi a?
• Dezòd sa a se fwi inegalite ak vyolans travay MINUSTHA ak MINUJUSTH.
• Dezòd sa a vin ogmante, fas avèk pwovokasyon gouvènman dominiken nan fwontyè a.
Lòt Tip de dezòd ankò:
• Zam yo ak minisyon ke nèg ame yo ap itilize yo soti direkteman nan peyi Lèzetazini.
• Akoz blokis ekonomik ke yo mete sou pèp ayisyen.
Nou denonse
• Jwèt mètdam ke ONU ap jwe a, lè yo deside pou voye twoup peyi Kenya a pou dirije entèvansyon militè a nan peyi
a, pliske se yon pèp nwa, pou pèp la pa reveye de rasis ki ap manniganse a e pou l ta ksepte fòs sila a san grate tèt.
• Mannèv kèk peyi manm CARICOM, ki ta montre yo prè pou kolabore e patisipe nan okipasyon Militè a an Ayiti.
Kanmarad nou yo ak zanmi nou yo:
ak kèk òganizasyon popilè na Peyi d´Ayiti, ki toujou ap batay pou “pou yon solisyon entèayisyèn pou Ayiti, san enje-
rans peyi lòtbò dlo, mande pou BINUH, CORE GROUP elatriye rache manyòkyo bay tè a; pou mete yon gouvènman
Tranzisyon k´ap gen kòm misyon, òganize eleksyon eleksyon demokratik nan yon delè pi vit ki posib” mande solidarite
nou.
Yo mande nou pou nou kraze miray silans, nan sitiyasyon kriminèl ke travayè ak pèp ayisyen an ap viv la.
Kamarad ak Zanmi mouvman travayè ak demokratik;
Nan non zanmitay ant travayè yo ak pèp yo, nou fé apèl ou, jis pou pote solidarite bay travayè ak pèp ayisyen an jan
nou kapab.
VIV SOLIDARITE ENTÈNASYONAL
Postscript: Nan jou se 2 Oktòb 2023 la, Konsèy sekirite Nasyonzini vote rezolisyon ki otorize deplwayman yon fòs Milti-
nasyonal sou sòl ayisyen an kote se Peyi Kenya ki pral dirije fòs sila a.
Pa bò kote pa nou, nap kontinye mennen Kanpay de Solidarite avèk Ayiti e nou di « ABA Fòs Etranjè yo an Ayiti ».
Pou ATPC, Robert et Jocelyn.
Apèl nan jou ki te 30 Septanm 2023 a.
NOU DI NON AK OKIPASYON
AN AYITI
SE POU NOU LANSE APÉL SA A BAY TOUT
MOUVMAN TRAVAYÈ AK DEMOKRATUK
Kontak pou manm:
KOMITE DEFAN'N AYITI SE DEFAN'N NOU ME

#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes