YON PROGRAM ENTÈNASYONAL ENSTRIKSYON BIBLIK RETOUNEN FÈT AN PÈSÒN NAN ANE 2023 A .

  • 25/02/2023
  • 0 Comentário(s)

YON PROGRAM ENTÈNASYONAL ENSTRIKSYON BIBLIK RETOUNEN FÈT AN PÈSÒN NAN ANE 2023 A .

Ane 2023 a pral kòmanse ak yon nouvo dispozisyon pou plizyè milyon Temwen Jewova - asanble Tewmen Jewova yo pral retounen fèt an pèsòn. Akoz pandemi COVID-19 la, yo te sispann fè asanble sa yo pandan prèske 3 an. Nan moman difisil sa a, yo te anrejistre diskou yo e yo te prezante yo sou entènèt. Kounye a, moun toupatou sou tè a, san wete Brezil, ap ka reyini ansanm nan asanble sa yo pou yo asiste yon pwogram entriksyon biblik ki ankourajan e ki bay kè kontan.

Pou ane 2023 a asanble Temwen Jewova yo pral pale sitou sou ki jan moun yo ka gen lapè ak inyon antre yo. Kleber Barreto, ki se pòtpawòl Temwen Jewova yo, panse limanite a bezwen bonjan konsèy pou yo ka viv anpè ak lòt moun epi demontre respè youn pou lòt, sitou nan epòk n ap viv la. Men sa l di: "Nou jwenn bonjan ankourajman lè nou tande eksperyans nan men moun k ap chèche viv anpè ak lòt moun, malgre yo jwenn defi.” Asanble Temwen Jewova yo gen ladan l diskou biblik, entèvyou, demonstrasyon, batèm ak bèl mizik pou louwe Bondye.

Yon dam ki rele Deyse Honório ap tann avèk enpasyans Asanble Temwen Jewova yo k ap retounen fèt an pèson. Li deja ap sèvi kòm Temwen Jewova pandan anviwon 35 ane e l konn asiste reyinyon yo regilyèman. Men sa l di: "Retou asanble yo an pèsòn montre jan Bondye renmen nou e jan li pran swen nou. Se sèten n ap kontan vin ansanm ak zanmi nou yo pandan evènman sa yo".

Nan Brezil, Asanble yo nonsèlman pral fèt an pòtigè, men tou yo pral fèt nan divès lang tankou lang siy brezilyen, kreyòl ayisyen, gwarani, espayòl ak japonè. Evènman sa yo dire anviwon 6 èdtan ak lè poz yo ladan l. Moun tout laj yo ka vini epi patisipe nan evènman sa yo. Antre a gratis.

Men dat ak lokal kote asanble an kreyòl ayisyen yo pral fèt:

CHAPECÓ, SC

05 mas 2023

Associação das Câmaras do Oeste de Santa Catarina (ACAMOSC)

Rua Arthur João Lara

Presidente Médici

Chapecó, SC

CEP 89806-125

ITATIBA, SP

12 mas 2023

Rodovia Alkindar Monteiro Junqueira, Km 33

(Quinta da Baroneza, 145)

Barreiro, Itatiba/SP

CEP 13252-719

SAPUCAIA DO SUL, RS

12 mas 2023

Rua do Patronato, 985

(Rodovia RS-118, Km 8)

Passo do Sapucaia

Sapucaia do Sul, RS

CEP 93234-164

MANAUS, AM

26 mas 2023

Rua Rio Içá, 165

Nossa Senhora das Graças

Manaus, AM

CEP 69053-100

TOLEDO, PR

26 mas 2023

Centro de Eventos Ismael Sperafico - Toledo, PR

BR-467, 71

Jardim Porto Alegre

Toledo, PR

CEP 85907-060

ITAJAÍ, SC

02 avril 2023

Rua Vereador Germano Luiz Vieira, 790

Itaipava

Itajaí, SC

CEP 88316-701

CUIABÁ, MT

23 avril 2023

Safira Lote 11,15,16 quadra 11

Bosque da Saúde

Cuiabá, MT

CEP 78005-000

Pou plis enfòmasyon, ou ka pale ak yon Temwen Jewova oswa ou ka antre nan sit JW.ORG nan seksyon Jwenn yon reyinyon. Ni ou menm ni fanmi w ap byenveni!

PÒTPAWÒL TEMWEN JEWOVA YO

Estevão Queiroz Januário¦ Contato:estevaojanuario.portavoztj@gmail.com


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes