TEMWEN JEYOVA YO AP RETOUNEN FÉ GRO EVÉNMAN NAN ANE 2023 A .

  • 29/08/2023
  • 0 Comentário(s)

TEMWEN JEYOVA YO AP RETOUNEN FÉ GRO EVÉNMAN NAN ANE 2023 A .

Depi pandemi an te kòmanse, se pral premye kongrè Temwen Jewova yo ap fè an

pèsòn
Kongrè Temwen Jewova yo ap retounen fèt an pèsòn nan plizyè peyi apre yon poz twazan. Toupatou sou
tè a, plizyè milyon moun pral rasanble ansanm pou yo suiv pwogram pou ane 2023 a, ki gen tèm: “Montre
nou gen Pasyans”! Yo te chwazi twa vil o Brezil pou Kongrè sa yo fèt, anpalan de Cuiabá nan depatman
Mato Grosso, Vargem Grande Paulista nan depatman São Paulo e Itajaí nan depatman Santa Catarina.
Kongrè sa yo dire twa jou – soti vandredi rive dimanch, apati 9è20 maten. Nan fen atik sa a, w ap jwenn dat
ak lokal kote kongrè an Kreyòl ayisyen yo ap fèt.
Depi byen lontan jiska ane 2019 la, plizyè milya moun te konn vwayaje al nan diferan vil Brezil pou yo suiv
pwogram kongrè rejyonal Temwen Jewova yo, sa k te konn chofe ekonomi lokal la. Men, nan ane 2020,
akoz pandemi COVID-19 la, yo te sispann fè evènman sa yo an pèsòn, yo te pito anrejistre yo e prezante
yo sou entènèt. Kounye a, nan ane 2023, gwo kongrè Temwen Jewova yo pral retounen fèt an pèsòn ankò.
Men sa André Vieira, pòtpawòl rejyonal Temwen Jewova yo, di: “Sa te bon anpil lè n te suiv kongrè nou yo
pa entènèt. Men lè nou reyini ansann ak lòt moun se yon plezi ki san parèy!”
Pou ane 2023, anviwon sis mil seksyon kongrè ki gen tèm “Montre nou gen Pasyans” pral fèt toupatou nan
monn nan. O Brezil, yo pral fè apeprè 600 kongrè nan 14 lang diferan, sa gen ladan l espayòl, kreyòl
ayisyen, lang siy e kèk lang endijèn. Pandan kongrè sa yo, yo pral prezante kèk diskou, videyo ak mizik k
ap montre ki jan Bib la ka ede moun yo gen plis pasyans. Moun ki prezan yo ap ka asiste batèm nan k ap
fèt samdi tou.
André Vieira, pòtpawòl rejyonal Temwen Jewova yo, di: “Pasyans se yon bèl kalite tout kretyen ta renmen
devlope nan lavi kotidyen. Malgre bon mobil nou genyen, sa ka yon defi pou n demontre pasyans lè n ap fè
fas ak pwoblèm, se sa k fè l ap bon anpil pou nou tout pou n fè twa jou ap aprann ki jan nou ka devople bèl
kalite sa a”.
Nou envite ou menm avèk fanmi w pou n patisipe nan kongrè “Montre nou gen pasyans”! Antre a gratis epi
yo pa fè lakòlèt. Pou w gen plis enfomàsyon sou pwogram kongrè a oswa pou w jwenn lòt dat ak lokal,
tanpri al sou sit jw.org la, anba ribrik ENFÒMASYON SOU NOU > Jwenn yon Kongrè.
Men dat ak lokal kote Kongrè an Kreyòl ayisyen yo pral fèt:
VARGEM GRANDE PAULISTA-SP
Vandredi 8 Septanm 2023 – Dimanch 10 Septanm 2023
Rua José Manoel de Almeida, 1020 .
Das Lages
---------------------------------------------------------------------
Vargem Grande Paulista, SP
CEP 06730-000
ITAJAÍ, SC
Vandredi 13 Oktòb 2023 – Dimanch 15 Oktòb 2023
Rua Vereador Germano Luiz Vieira, 790
Itaipava
Itajaí, SC
CEP 88316-701
CUIABÁ, MT
Vandredi 8 Septanm 2023 – Dimanch 10 Septanm 2023
Safira Lote 11,15,16 quadra 11
Bosque da Saúde
Cuiabá, MT
CEP 78005-000
PÒTPAWÒL TEMWEN JEWOVA YO
Estevão Queiroz Januário

#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes