KIJAN'W KA FÈ FAS AK LAVNI AK KONFYANS

  • 30/03/2023
  • 0 Comentário(s)

KIJAN'W KA FÈ FAS AK LAVNI AK KONFYANS

Pwoblèm ekonomik, lagè ak divizyon soyal ap ogmante anpil jounen jodi a. Rechèch yo fè yo montre nan anpil peyi, sa gen Brezil ladan l, konfyans moun yo genyen nan yon avni ki pi bon pi fèb pase tout lòt epòk. Dapre yon etid ki pibliye pa Edelman Trust Barometer nan ane 2023, pami 28 peyi ki te patisipe, gen 24 k ap wè kantite moun ki kwè lavi a ap pi bon pou fanmi yo apre senkan ap diminye.

Malgre senaryo pesimis sa a, gen yon pwogram espesyal k ap fèt nan lemonnantye ki gen tèm “Nou ka fè fas ak lavni avèk konfyans!”. Li pral fèt nan wikenn 1ye ak 2 avril 2023. Diskou sa a ki gratis ap dire 30 minit e l ap prezante nan chak Sal Wayòm Temwen Jewova toupatou sou tè a, avèk opsyon pou moun suiv li pa videyo konferans tou. Gade seksyon Reyinyon ki sou sit jw.org la pou w ka jwenn adrès ak orè l ap fèt nan zòn ou rete a.

Men sa Kleber Barreto, pòtpawòl Temwen Jewova, di: “Defi n ap fè fas avèk yo gendwa sanble pa gen solisyon, men Labib ban nou yon bèl esperans pou lavni ki kapab ede nou menm kounye a”. Men sa li ajoute: “Objektif pwogram mondyal sa a se pou tout moun k ap prezan vin jwenn rezon ki fyab pou yo ka fè fas ak lavni avèk konfyans.

Maria, ki rete vil Campinas, nan depatman Sawo Polo, se yon manman ki t ap fè fas ak pwoblèm ekonomik ak familyal. Li te santi l tris e l sanzespwa. Depi lè Maria te kòmanse etidye Labib l ap pi byen jere pwoblèm li yo. Men sa l di: “Lè m sonje tout soufrans Jezi te sibi pou nou, m jwenn fòs pou m kontinye. Si m te bay vag, mwen pa t ap la ansanm ak fanmi m ki ini.” Maria chofe anpil pou l prezan nan pwogram espesyal sa a.

Diskou espesyal sa a se premye nan de evènman gratis k ap fèt nan tout 118 mil kongregasyon Temwen Jewova pandan premye semèn mwa avril. Chak ane prèske 20 milyon moun reyini ansanm pou yo assiste Memoryal Lanmò Jezi. Pou ane 2023, memoryal sa a ap fèt nan Madi 4 avril. Yo envite tout moun ankò pou yo met ansanm avèk yo nan evènman espesyal sa a.

Antre a gratis pou toude evènman sa yo e ou pa bezwen fè okenn enskripsyon. Pou ou jwenn plis enfòmansyon oswa jwenn kote ki pi pre w evènman sa yo ap fèt, antre sou sit jw.org la, ki se sit ofisyèl Temwen Jewova yo.

PÒTPAWÒL LOKAL TEMWEN JEWOVA

Estevão Januário¦ Kontak: estevaojanuario.portavoztj@gmail.com


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes