EDITORYAL RADIO TV CITADELLE:POUKISA TOUT LEGLIZ AYISYEN SA YO.

  • 26/03/2023
  • 0 Comentário(s)

EDITORYAL RADIO TV CITADELLE:POUKISA TOUT LEGLIZ AYISYEN SA YO.

Se kesyons sa nou ta sipoze reponn ! Men jouk kounya ki Poko gen yon repons definitiv,

Nou nan peyi Brezil pou nou fê yon ti kout je sou pil legliz ayisyen kap donnen tankou djondjon isi a chak legliz sa yo gen yon non se kòmsi yo chak ap adore Dye pa yo .

Dèfwa ou konn ap mande eske legliz sa yo pa gen komite oubyen pa gen lidè ,eske legliz sa yo akonpaye kominote a jan sa ta dwe fèt ?.

Yon kominote kap swiv yon ekip prensip akayik (ansyen) ,yon kominote ki bliye sil ap viv nan peyi etranje.

Siw ap gade byen ki wòl legliz la vre lèw ap gade 90/💯 ladan yo prèske pa fè anyen vre pou kominote a , pandan ke Jezu Kri li menm li bay legliz la prèske tout kòmandman yo e apòt Pòl te vin ede legliz konprann devwa yo sou latè.
Legliz la pa akonpaye vre pèp Bondye a nan edike li nan pote yo sekou lè yo gen bezwen jan vrèman sa di nan Bib la ki se liv lavi a .
Pifò lidè yo wè nan kantite moun kap frekante legliz la men yo pa wè kijan Pou yo edike pèp Bondye a .

Legliz la ta sipoze òganize dè seminè ak fòmasyon pou ede fidèl yo konprann devwa yo nan sosyete brezilyèn nan , sa ki pa fèt , poutan se sèl legliz ki kapab ede kominote a .
Yon moun ki frekante legliz li ta dwe yon modèl vre jan sa di swa nan konpòtman ,nan pawòl li ak nan frekantasyon li ,yon moun ki frekante legliz ta dwe yon limyè men elas!

Jan nou menm ayisyen nou viv lakay nou , li ta dwe diferan ak jan lè nou nan yon lòt peyi, nou pote nan peyi moun yo yon pakèt bagay ki fê menm konpatriyòt nou yo ki pa abitye ak nou pran nou pou moun ki sot nan lòt planèt.

Malgre nou konnen kijan pèp sa difisil pou konprann men nou ta sipoze fè efò pou ede yo , sa pa janm fèt.

Legliz la kite kominote a bay tèt li edikasyon pou kont li.
Pafwa wap mande tèt ou èske lidè sa yo vre fè yon etid ki ta sipoze moutre yo kijan Pou dirije legliz Bondye a .

Si'w ap pran yon ti egzanp tou senp al eseye konpare yon legliz brezilyen ak yon legliz ayisyen pandan ke tout legliz sa yo se menm Bondye yap adore .
Devwa legliz la pa ta dwe sèlman chita anndan asanble men pito chèche konnen kijan fidèl yo viv ak antouraj yo.
Legliz la ta dwe moutre fidèl yo kijan ' l dwe konpòte'l lè'l antre nan yon biwo oubyen nan tren ak bis, kiyès moun ki ka itilize plas priyorite yo?

Kisa ki relé priyorite nan yon liy.

Kijan ou dwe konpòte'w lè'w moute machine oubyen tren.
Anfen kijan ou dwe konpòte'w nan sosyete a paske chak jou gen anpil modifikasyon ki fèt nan lwa peyi a sitou pou nou menm kise imigran.

Gen yon lòt bagay ankò kap frape nan legliz se maryaj.
Legliz la marye moun yo pafwa ou konn ap di se san konsantman yo.
Gen anpil frè ou sè legliz ki te gen lòt angajman depi Ayiti pou yon bagay kèlkonk yo antre isi se yon lòt moun yo chwazi pou fè vi yo pandan moun Ayiti a ap tann yo e gen espwa sou yo.

Gen anpil fwa gen nan yo li konn menm gen pitit laba a kap tann yo .

Avan maryaj sa yo fèt legliz la ta sipoze mennen ankèt sou moun sa yo.
Siw konnen o mwen frè a gen madanm li Ayiti kap tann li ou pa dwe maryel ak yon fidèl legliz ou jis pou'w sove imaj legliz la.
Legliz la pa dwe nan ribanbèl.

Travay legliz la anpil .
Pou travay sa rive pote bon jan rezilta se bagay kap pran anpil tan se tout lidè ki fòme e ki gen tikal lasajès lakay yo ki kapab ede nou.

Lè'w se kretyen ou dwe yon egzanp yon modèl pou non sèlman pou fanmi'w ou dwe yon model tou pou sosyete kote'w ap evolye a .
Li pa ta dwe se lè yo wèw ak yon bib pou yo di'w se yon kretyen men pito depi yo wè'w yo dwe tou wè ou se yon kretyen .


#Compartilhe

0 Comentários


Deixe seu comentário








Aplicativos


Locutor no Ar

Peça Sua Música

No momento todos os nossos apresentadores estão offline, tente novamente mais tarde, obrigado!

Top 5

top1
1.

Martin Luther King

top2
2.

Vinicius

top3
3. Papa Dessalines

Papa nasyon

top4
4. Thomas Sankara

top5
5. One love

Bob Marley

Anunciantes